Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m, ni sa nou te tande m di ak tou sa nou te wè m fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Mete sa nou aprann an pratik, pratike sa nou te resevwa nan menm; sa nou tande ak sa nou wè nan lavi m. Epi Bondye ki sous lapè a va avèk nou.

参见章节 复制




Filipyen 4:9
36 交叉引用  

Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.”


“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


“Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la.


“Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?


Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.”


Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.


“Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.


Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”


Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”


Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.


Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè. Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.


Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.


Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.


Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm.


Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.


Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon.


Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an.


Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.


Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an.


Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki an Judée yo. Konsa, nou te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo.


Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.


Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo.


Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.


Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.


Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe.


Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.


跟着我们:

广告


广告