Filipyen 4:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 参见章节1998 Haïtienne18 Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m te bezwen. Kounyeya, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l plezi. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil18 Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi. 参见章节 |