Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 3:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Nou tout frè m yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Frè m ak sè m yo, mete tèt nou ansanm ak lòt yo pou n swiv egzanp mwen. Menm jan an tou, gade byen sou moun k ap viv selon modèl ki nan nou menm nan.

参见章节 复制




Filipyen 3:17
15 交叉引用  

Byen remake nonm san tò a, epi gade byen nonm ladwati a, paske nonm lapè a va gen posterite.


Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm.


Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.


Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.


Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm.


Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.


Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an.


Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont.


Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou.


Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.


Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.


Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.


Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.


跟着我们:

广告


广告