Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m konnen Kris la, pou m santi nan mwen pouvwa ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò a, pou m soufri ansanm avè l nan soufrans li yo, pou m rive mouri tankou li tou,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Tou sa mwen vle, se konnen Kris la epi rive fè esperyans kalite pouvwa ki fè l resisite a. Mwen ta vle patisipe nan soufrans li epi rive sanble ak li menm nan lanmò li.

参见章节 复制




Filipyen 3:10
34 交叉引用  

Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.


Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”


Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”


“E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.


Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.


Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.


Jan sa ekri a: “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen. Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”


ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou;


Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.


Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.


Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.


Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m mak a Jésus yo.


jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la.


Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.


Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.


Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo.


Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a.


Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a


Paske mwen konsidere li bon, toutotan mwen ap demere nan kay tèrès sila a, pou vire memwa nou pou fè nou sonje,


Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo.


Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li:


e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.


跟着我们:

广告


广告