Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye, li obeyi Bondye jouk nan lanmò li. Se pa nenpòt kalite lanmò, men se te lanmò sou yon kwa.

参见章节 复制




Filipyen 2:8
26 交叉引用  

Konsa, chen yo vin antoure mwen. Yon bann malfektè vin ansèkle m. Yo te pèse dwat mwen avèk pye m.


Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès; avan onè, fòk imilite.


Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.


Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”


Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”


Pandan Li t ap priye, aspè figi Li te vin chanje, e vètman Li te vin klere kon blan briyan.


Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”


Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l. “Leve, annou kite isit la.”


Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan amou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan amou pa Li a.


Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.


Nan imilyasyon, jistis li te rachte. Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la? Paske vi Li retire sou tè a.”


Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”


kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


跟着我们:

广告


广告