Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 men te vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te vin fèt nan imaj a lòm.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Okontrè, se li menm menm, poutèt pa li, ki te chwazi mete sa sou kote. Li te pito desann li fè tèt li tounen sèvitè. Li vin menm ak tout moun.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Okontrè, li chwazi mete egalite sa a sou kote, san moun pa fòse l, li fè tèt li tounen yon sèvitè, li vin tankou tout moun. Lè l fin fè tèt li tounen yon moun menm jan ak tout moun.

参见章节 复制




Filipyen 2:7
31 交叉引用  

Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Li te di Mwen: “Ou se sèvitè Mwen, Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”


Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.


Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.


Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


“Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a; byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an. M ap mete lespri Mwen sou Li, e Li va pwoklame jistis a payen yo.


Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”


Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?


Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè,


Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”


Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo;


Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè,


Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa


ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di,


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


跟着我们:

广告


广告