Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pat ban mwen plis lapenn ankò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Se vre li te malad, li te menm prèske mouri. Men Bondye gen mizerikòd pou li. Se pa pou li sèlman, men pou mwen tou, kon sa pou m pa ta gen lapenn sou lapenn.

参见章节 复制




Filipyen 2:27
23 交叉引用  

Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv.’”


Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo; Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.


Anpil, se afliksyon a moun dwat la, men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.


Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou van lès la.


Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.


Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.


Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis; pa nan kòlè Ou, sinon Ou va fè m vin pa anyen menm.


‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”


Tristès Mwen depase gerizon; kè M fennen anndan m!


SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.


Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè.


Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.


Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit.


Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.


Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm.


paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.


跟着我们:

广告


广告