Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Mwen espere ak benediksyon Jezi Senyè a, m va voye Timote ban nou tousuit pou m ka jwenn ankourajman, lè m pran nouvèl nou.

参见章节 复制




Filipyen 2:19
22 交叉引用  

Konsa pale SENYÈ a: “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm, ki fè lachè vin fòs li, ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.


Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”


Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre. Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk.


Esaïe di ankò: “Li va gen rasin Jessé a; Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo. Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”


Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen.


Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.


Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la,


Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:


Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.


Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm.


Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,


Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.


Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.


Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.


Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


跟着我们:

广告


广告