Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 9:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Answit, Li te kriye fò pou m tande ak yon gwo vwa e te di: “Vin pi pre, O nou menm ki an chaj vil la, chak moun ak pwòp zam destriksyon li nan men l.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apre sa, mwen tande Bondye pale byen fò nan zòrèy mwen. Li di konsa: — Pwoche non, nou tout ki pral pini lavil la. Pwoche ak zam nou nan men nou!

参见章节 复制




Ezekyèl 9:1
11 交叉引用  

Epi yo te antre ladann pou ofri sakrifis avèk ofrann brile. Alò, Jéhu te estasyone pou li, katre-ven òm deyò a, e li te di: “Sila ki kite nenpòt nan mesye yo ke m mennen nan men nou yo chape, li menm va bay lavi li an echanj.”


Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an.


Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite destriktè a antre nan kay nou pou frape nou.


Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?” Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”


Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”


Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m.


Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”


跟着我们:

广告


广告