Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 8:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Malgre sa, ou va wè pi gwo abominasyon ke sa yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Li di m konsa: — Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè.

参见章节 复制




Ezekyèl 8:15
7 交叉引用  

Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn.


Konsa, Li te mennen mwen nan antre a pòtay lakay SENYÈ a ki te vè nò; epi vwala, te gen fanm la ki t ap kriye pou Thammuz.


Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.


Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè ki sa y ap fè, gwo abominasyon ke lakay Israël ap fè isit la, pou m ta kite sanktyè Mwen an? Malgre toujou, ou va wè abominasyon ki pi gwo.”


Li te di mwen: “Antre ladann pou wè abominasyon mechan ke y ap komèt isit la.”


Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.


跟着我们:

广告


广告