Gade byen, M ap veye sou yo pou malè yo, e pa pou byen yo. Tout mesye Juda ki nan peyi Égypte yo, va rankontre lafen pa yo ak nepe e ak gwo grangou jiskaske yo fin disparèt nèt.
Konsa, yo te fè lachas dèyè nou jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo. Lafen nou vin pwòch. Jou nou yo fin ranpli, paske dènye moman nou vin rive.
Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli.
Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap pwoteje yo ankò.
“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.