25 Lè gwo doulè a rive, yo va chache lapè, men p ap genyen menm.
25 Tout moun pral gen kè sere. Yo ta renmen gen kè poze, men yo p'ap kapab.
“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di: “pou mechan yo”.
“‘Akoz, anverite yo te egare pèp Mwen an lè yo te di: “Lapè,” lè pa t gen lapè. Lè nenpòt moun bati yon miray, gade byen, yo fè l randwi ak lacho.
Konsa ak pwofèt Israël sa yo ki pwofetize a Jérusalem yo, ki te fè vizyon lapè pou li yo, lè pat gen lapè a,’” deklare Senyè BONDYE a.
Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon, akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, rive nan pòtay Jérusalem nan.