Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 7:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Yo va jete ajan yo nan lari, e lò yo va vin yon bagay repinyans. Lajan ak lò yo p ap kapab delivre yo nan jou gwo chalè SENYÈ a. Yo p ap ka satisfè apeti yo, ni yo p ap kapab plen vant yo, paske se li ki te fè yo chite.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Y'ap voye tou sa nou genyen ki fèt ak lajan jete. Yo p'ap ka santi sa yo genyen ki fèt ak lò. Paske jou sa a, ni lò, ni lajan p'ap ka sove yo anba kòlè Bondye. Yo p'ap ka fè bouch yo plezi, ni yo p'ap ka manje vant plen. Paske se pou bagay sa yo yo te fè tout mechanste sa yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 7:19
21 交叉引用  

Yo te ale dèyè yo jis rive nan Jourdain an, e gade, tout chemen an te ranpli avèk rad ak ekipaj ke Siryen yo te jete nan sove ale. Alò, mesaje yo te retounen pou te pale wa a.


Richès ranmase pa mechanste pa reyisi, men ladwati delivre soti nan lanmò.


Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.


Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.


Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit, zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, ke yo te fè pou yo menm ta adore,


Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”


Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon e pran plezi nou an abondans.


A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.


Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a.


“Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M.


Paske jou a pwòch. Menm jou SENYÈ a pwòch. Li va yon jou nwaj, yon tan fènwa pou nasyon yo.


Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a.


Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.


Mwen va retire ni lòm, ni bèt. Mwen va retire zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a.


Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?


Konsa, David di: “Kite tab yo devni yon pèlen ak yon pyèj; yon wòch bite ak yon chatiman pou yo.


跟着我们:

广告


广告