Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 7:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Yo va abiye yo menm ak twal sak e lafyèv frison va boulvèse yo. Lawont va sou tout figi yo, e tout tèt yo va chòv.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Yo pral mete rad tristès sou yo. Yo pral tranble nan tout kò yo. Yo pral wont. Y'ap kale tèt yo nèt.

参见章节 复制




Ezekyèl 7:18
14 交叉引用  

Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.


Lè m sonje, mwen twouble. Chè m vin ranpli ak laperèz.


Kite sila ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite sila ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.


Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, ap gen move odè pouriti; olye se sentiwon, ap gen yon kòd; olye se cheve swa byen ranje, ap gen yon tèt chòv; olye se bèl vètman, ya mete twal sak; epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.


Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvre nou. Paske nou te peche kontre Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.


Paske tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout; genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.


Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak gwo laperèz sou tout kote.


O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.


Anplis, yo va fè tèt yo vin chòv pou ou, e mare senti yo ak twal sak. Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo, ak yon plenyen byen anmè.


Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.


Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.


跟着我们:

广告


广告