Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 7:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 “‘Nepe a deyò e epidemi ak gwo grangou a anndan. Sila ki nan chan an va mouri pa nepe. Gwo grangou ak epidemi va, anplis, manje sila anndan vil yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki deyò nan jaden pral mouri nan lagè. Moun ki lavil la, maladi ak grangou pral fini ak yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 7:15
9 交叉引用  

Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”


Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.


Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo, ke sila ki touye ak grangou yo; paske yo vin chagren e epwize akoz mank fwi chan an.


Men Mwen va epanye kèk nan yo de nepe a, gwo grangou a, ak epidemi a, pou yo ka pale tout abominasyon yo pami nasyon kote yo prale yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”


“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Bat men nou, frape pye nou atè e di: “Elas!”, akoz mechanste a tout mal abominab lakay Israël ki va tonbe pa nepe a, gwo grangou ak epidemi yo.


Sila ki lwen an va mouri pa epidemi, sila ki pre a va tonbe sou nepe e sila ki rete vin anba syèj la, va mouri nan gwo grangou a. Konsa, Mwen va pase gwo kòlè Mwen sou yo.


跟着我们:

广告


广告