Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa lotèl nou yo va vin dezole, e lotèl lansan yo va vin kraze nèt. Mwen va fè mò nou yo tonbe devan zidòl nou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Y'ap kraze tout lotèl nou yo, y'ap fè lotèl lansan nou yo tounen miyèt moso. M'ap fè yo touye moun nou yo devan vye zidòl yo a.

参见章节 复制




Ezekyèl 6:4
13 交叉引用  

Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”


Li te kraze an mòso pilye sakre yo, li te koupe Astarté yo e li te plen plas yo avèk zo moun.


Li te osi retire wo plas yo avèk lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li.


Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò.


Anplis, li va kraze nèt imaj an wòch Beth-Schémech yo, ki nan peyi Égypte la, epi tanp dye a Égypte yo, li va brile yo ak dife.”’”


Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò.


Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Lè moun touye pa yo jwenn pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo.


Mwen va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou.


Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li.


跟着我们:

广告


广告