Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 5:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa dèyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen.

参见章节 复制




Ezekyèl 5:2
19 交叉引用  

Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.


Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Sila ki pou mouri yo, a lanmò; ak sila ki pou nepe yo, a nepe; sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a; e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.”’


Mwen va voye nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”


“Konsa pale SENYÈ a: ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti pou rive anvè Kaldeyen yo va viv. Li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’


Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li.


Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la.


Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè.


Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”


Mwen va gaye nan tout van, tout sila ki antoure li yo, moun k ap ede li yo ak tout sòlda li yo. Epi se nepe a Mwen va rale dèyè yo.


Tout mesye byen chwazi pami sòlda li yo va tonbe pa nepe, e sila ki chape yo va gaye nan tout van. Konsa nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a te pale.’


Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.


Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”


Pran osi, kèk grenn nan cheve a, pa anpil, e mare yo nan pwent wòb ou.


Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze.


Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.


“Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a, “Ke de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri; men twazyèm pati a va rete ladann l.


跟着我们:

广告


广告