Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 5:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Anplis, Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va fè ou soufre gwo pèt. Epidemi ak vèse san va rive sou ou. Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale sa a.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 M'ap voye grangou ak bèt nan bwa k'ap touye tout pitit nou yo. Move maladi pral tonbe sou nou, y'ap mete san nou deyò. M'ap voye lènmi vin fè nou lagè. Se mwen menm Senyè a ki pale.

参见章节 复制




Ezekyèl 5:17
28 交叉引用  

Lè yo te kòmanse viv la, yo pa t gen lakrent SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te voye lyon pami yo ki te touye kèk nan yo.


Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou.


“Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.


“Si Mwen te fè bèt sovaj pase nan peyi a, e li vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo,


“Oswa, si M ta voye yon gwo grangou kont peyi sa, e vide kòlè Mwen an san sou li, pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt ladann—


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li!


Tout mesye byen chwazi pami sòlda li yo va tonbe pa nepe, e sila ki chape yo va gaye nan tout van. Konsa nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a te pale.’


Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri. “‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’”


Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo.


Ou va vinbwa sèch pou dife a; san ou va vide nan mitan peyi a. Yo p ap sonje ou ankò; paske Mwen menm, SENYÈ a, fin pale.”’”


Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.


Twoup sa a va lapide yo ak wòch e rache yo ak nepe yo. Yo va touye fis ak fi yo e brile lakay yo ak dife.


Mwen va fè ou yon wòch vid. Ou va sèvi kon yon kote pou ouvri filè. Ou p ap bati ankò, paske Mwen, SENYÈ a te pale’, deklare Senyè BONDYE a.


Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l. San ap koule nan ri li yo. Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li, e nepe va antoure l tout kote. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo, e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo. Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann pa men etranje yo. Mwen, SENYÈ a, fin pale.”


“Konsa ou va pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan Mwen viv la, anverite, sila ki nan savann yo va tonbe pa nepe. Nenpòt moun ki nan chan ouvri a, Mwen va bay li a bèt sovaj pou devore li, e sila ki nan sitadèl ak nan kav yo, yo va mouri akoz ensèk ak gwo maladi.


Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp teren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”


Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.


Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj— Mwen, SENYÈ a fin pale—


lè Mwen voye kont yo flèch mechan yo, kon gwo grangou a, yon flèch ki te voye pou detwi nou. Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e va kase retire sous pen an.


Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Sila ki lwen an va mouri pa epidemi, sila ki pre a va tonbe sou nepe e sila ki rete vin anba syèj la, va mouri nan gwo grangou a. Konsa, Mwen va pase gwo kòlè Mwen sou yo.


“Mwen va lage pami nou bèt sovaj chan yo ki va rache pitit nou yo nan men nou, detwi bèt nou yo e redwi fòs kantite moun nou jis pou wout nou yo rete abandone.


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


Mwen va epwize yo ak gwo grangou, e manje yo ak chalè ki brile, e avèk destriksyon anmè. Mwen va voye pami yo bèt voras, avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.


Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.


跟着我们:

广告


广告