Ezekyèl 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn. 参见章节1998 Haïtienne11 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte Tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape. 参见章节 |