Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Se poutèt sa, nan lavil Jerizalèm papa ak manman va manje pwòp pitit yo, pitit va manje papa ak manman yo. M'ap pini nou, m'ap gaye rès moun ki va rete yo toupatou.

参见章节 复制




Ezekyèl 5:10
36 交叉引用  

Konsa, nou te bouyi fis mwen an e manje li; epi mwen te di li sou jou ki vini an: ‘Ban m fis ou a pou nou kab manje li,’ men li te kache fis li a.”


“Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo;


Ou te fè nou kon mouton, tankou mouton ki te livre pou manje, epi te gaye nou pami nasyon yo.


Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”


Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.


Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”


Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’


Epi Mwen va retire retay Juda ki te fikse panse yo sou antre nan peyi Égypte pou abite la, e yo va tout twouve move desten pa yo. La, nan peyi Égypte, yo va tonbe pa nepe e rankontre desten yo nan gwo grangou. Yo va devni yon madichon, yon objè degoutan, yon anatèm ak yon repwòch.


Chamo pa yo va devni piyaj, gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran, Mwen va gaye bay tout van yo a sila ki koupe kwen cheve yo; e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,” deklare SENYÈ a.


Mwen va mennen sou Élam kat van ki sòti nan kat pwent syèl yo, e Mwen va gaye pèp yo a tout van sa yo. P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.


“Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”


Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”


Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?


Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo te bouyi pwòp pitit yo. Yo te devni manje pou yo, akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.


Prezans a SENYÈ a te gaye yo. Li p ap kontinye bay yo swen. Yo pa t onore prèt yo, Yo pa t respekte ansyen yo.


Menm chen mawon yo konn bay tete; yo kite pitit yo souse yo. Men fi a pèp mwen an te vin mechan kon yon otrich nan dezè.


Mwen va gaye nan tout van, tout sila ki antoure li yo, moun k ap ede li yo ak tout sòlda li yo. Epi se nepe a Mwen va rale dèyè yo.


“‘Pou yo ka konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen gaye yo pami nasyon yo e pwopaje yo pami peyi yo.


Tout mesye byen chwazi pami sòlda li yo va tonbe pa nepe, e sila ki chape yo va gaye nan tout van. Konsa nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a te pale.’


Anplis, Mwen te sèmante a yo menm nan dezè a pou Mwen ta gaye yo pami nasyon yo, e dispèse yo nan tout peyi yo,


Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou.


Anplis, Mwen te gaye yo pami nasyon yo, e yo te vin dispèse toupatou nan peyi yo. Selon chemen yo ak zak yo, Mwen te jije yo.


Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi. Yo va vin mouri nan gwo grangou nan mitan nou. Yon tyè va tonbe devan nepe ki toupatou nou. Yon tyè, mwen va gaye nan tout van yo, e Mwen va rale yon nepe dèyè yo.’”


Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van. Konsa, Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo.


“‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo.


Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo.


Anplis nou va manje chè a fis nou yo e chè a fi nou yo, n ap manje.


Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze.


“Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè.


“‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a.


Men Mwen va gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”


Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.


“Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.


Mwen te prèt pou di: “M ap koupe yo an mòso, M ap rache memwa yo soti de lòm,


SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo.


跟着我们:

广告


广告