Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 47:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Akote rivyè a, arebò li, soti yon kote a yon lòt, va grandi tout pyebwa ki bay manje. Fèy yo p ap fennen e fwi yo p ap manke. Yo va donnen chak mwa akoz dlo yo koule soti nan sanktiyè a, fwi pa yo va pou manje e fèy yo va pou gerizon.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule sòti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.

参见章节 复制




Ezekyèl 47:12
11 交叉引用  

Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.


Li byen reyisi nan solèy la e gaye toupatou nan jaden an.


Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.


Moun dwat la va fleri tankou palmis. Li va grandi tankou pye sèd nan Liban.


Depi nan pla pye jis rive nan tèt, nanpwen anyen ak sante ladann, sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.


Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.


pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la, ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, yon plantasyon SENYÈ a, pou Li kapab resevwa glwa.


Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo, ki lonje rasin li akote yon sous dlo. Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt. Li p ap twouble nan ane sechrès la, ni sispann bay fwi.


Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad? Èske nanpwen doktè la? Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?


Alò, lè m te retounen, gade byen, akote rivyè a, te gen anpil pyebwa nan yon kote yo ak nan lòt la.


nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.


跟着我们:

广告


广告