10 “Ou va gen balans ki peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis.
10 Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou.
Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.
Yon balans ki jis apatyen a Bondye; li veye sou tout pwa nan sak yo.
Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis; tou de abominab a SENYÈ a.
SENYÈ a pito ladwati ak lajistis plis pase sakrifis.
Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven e yon omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
“Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti.
Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an.