Lè cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.
Konsa, li te ale nan pòtay ki te gen fas li vè lès. Li te monte sou eskalye li yo, e te mezire papòt pòtay la, yon ba kann nan lajè, epi lòt papòt la te yon ba kann nan lajè.
SENYÈ a te di mwen: “Pòtay sa a va fèmen. Li p ap louvri, ni pèsòn p ap janm antre pa li, paske SENYÈ Bondye Israël la te, antre pa li. Akoz sa, li va fèmen.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pòtay pou lakou enteryè ki bay fas vè lès la va fèmen pandan sis jou travay yo; men li va ouvri nan Saba a, e li va vin ouvri nan jou nouvèl lin nan.