Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 42:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apre sa, nonm lan mennen m nan gwo lakou deyò a. Li fè m antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò Tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan.

参见章节 复制




Ezekyèl 42:1
14 交叉引用  

Li te fè pilye akote yo swasant koude wotè, epi lakou a te rive nan pilye yo jis li antoure pòtay la.


Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.


Jan pou pòtay lakou eksteryè ki bay fas vè nò a, li te mezire longè li ak lajè li.


Nan lè sa a, li te mennen m vè sid e gade byen, te gen yon pòtay vè sid la. Li te mezire pilye akote li yo ak galri li yo selon menm mezi sila yo.


Epi li te mennen m nan lakou enteryè a pa pòtay sid la, e li te mezire pòtay sid la selon menm mezi yo.


Epi li te fè m rive kote chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a.


Antre chanm yo te yon espas de ven koude toutotou tanp lan nan tout akote yo.


Gwosè a miray eksteryè pou chanm akote yo te senk koude. Men espas lib antre chanm akote yo te apatyen a tanp lan.


Nan epesè miray la sou kote lès, anfas kote apa a e anfas konstriksyon an, te gen chanm yo.


Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen.


Devan chanm yo, se te yon machpye pa anndan de dis koude nan lajè, yon chemen de san koude nan longè, epi ouvèti pa yo te vè nò.


Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.


跟着我们:

广告


广告