Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 41:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi li te fè m rive kote chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Apre sa, nonm lan fè m antre nan tanp lan, nan gwo pyès mitan tanp lan, kote ki apa pou Bondye a. Li mezire koridò kote pou antre ladan l lan. Li jwenn li te gen dis pye longè,

参见章节 复制




Ezekyèl 41:1
16 交叉引用  

Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a.


Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude.


Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.


Li te mezire galri a pòtay la, uit koude, epi pilye akote li yo, de koude. Epi galri a pòtay la te vè kay la.


Pilye pòt a chanm gran asanble a te an fòm kare. Epi devan sanktyè a, aparans a yon pilye pòt te menm ak lòt la.


Gran chanm asanble a ak sanktyè a, yo chak te gen yon pòt doub.


Konsa, li te antre anndan an e li te mezire chak pilye akote pòtay la, de koude, e pòtay la, sis koude nan wotè, epi lajè pòtay la, sèt koude.


Epi li te mennen mwen deyò nan lakou a, nan chemen vè nò a. Li te mennen m nan chanm ki te anfas kote apa a, ak anfas konstriksyon an vè nò.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, pòtay li yo, ak miray li a.


Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.


“Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.


跟着我们:

广告


广告