Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 40:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan vizyon a Bondye yo, Li te mennen m nan peyi Israël, Li te depoze m sou yon mòn byen wo. Epi sou li vè sid te gen yon konstriksyon tankou yon vil.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Nan yon vizyon, mwen wè li mennen m nan peyi Izrayèl la. Li mete m kanpe sou yon mòn byen wo. Mwen wè devan m sou bò sid la yon bann kay bati ou ta di yon lavil.

参见章节 复制




Ezekyèl 40:2
23 交叉引用  

epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo;


David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”


Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, se Mòn Sion nan pati nò a, Vil gran Wa a.


Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo!


Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an e yo depann sou Bondye Israël la; SENYÈ dèzame se non Li.


Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.


Paske sou mòn sen Mwen an, sou wotè mòn Israël la,” deklare Senyè BONDYE a: “la, tout lakay Israël, yo tout, va sèvi Mwen nan peyi a. La Mwen va aksepte yo, e la, Mwen va egzije ofrann nou yo, avèk ofrann premyè fwi nou yo, ak tout bagay sen nou yo.


Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò.


Epi li te fè m rive kote chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a.


“Sa se lwa kay la: tout espas toutozanviwon anwo mòn nan va sen pase tout kote. Gade byen, sa se lwa kay la.”


Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.


Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo.


“Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen dis kòn.


Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo va kouri kon dlo pou rive kote l.


Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.”


‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, e granmoun nou yo va fè rèv.


Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout.


跟着我们:

广告


广告