Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.
Mwen va jete ou lwen nan dezè a, ou menm ak tout pwason rivyè ou yo. Ou va tonbe nan chan ouvri. Ou p ap rasanble ni reyini ankò. Mwen te bay ou kon manje bèt latè ak zwazo syèl yo.
Mwen va kite ou sou latè. Mwen va jete ou sou chan ouvri, epi Mwen va fè tout zwazo syèl yo poze sou ou. Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.