Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 39:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pat kenbe pawòl yo te gen avè m lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.

参见章节 复制




Ezekyèl 39:23
27 交叉引用  

Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a.


Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè? Poukisa Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?


Konsa, Li te bay yo nan men a nasyon yo, pou sila ki te rayi yo vin renye sou yo.


O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye e Israël a piyajè yo? Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; ni yo pa t swiv lalwa Li.


Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.


Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.


Mwen va tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans.


‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo,


Konsa, SENYÈ a pa t ka sipòte sa akoz mechanste a zak nou yo, akoz zak abominab ke nou te komèt yo. Se pou sa, peyi nou an fin detwi nèt, yon objè degoutan ak yon madichon, san pèsòn pou rete ladann, jan li ye jodi a.


Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.


“Pou sa, fis a lòm, pale ak lakay Israël pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malgre nan sa, papa zansèt nou yo te blasfeme Mwen lè yo te enfidel a lalwa M.


Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen va fè sa.”


Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”


Anplis, Mwen va vire figi Mwen lwen yo, e yo va pwofane plas sekrè Mwen an. Vòlè yo va antre nan li, e yo va pwofane li.


Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.


“Alò, Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo. Mwen va wè kijan yo fini; Paske yo se yon jenerasyon pèvès, fis ki pa fidèl.


Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.


Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.


Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.


跟着我们:

广告


广告