Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 38:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Ras Adan! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a.

参见章节 复制




Ezekyèl 38:2
18 交叉引用  

Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.


Fis a Japhet yo: Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec avèk Tiras.


Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!


Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va deklare glwa Mwen pami nasyon yo.


Li te di mwen: “Fis a lòm, kanpe sou pye ou pou m ka pale avèk ou!”


“Fis a lòm, mete figi ou vè Théman. Pale fò kont tout sid la, e pwofetize kont peyi forè nan Negev la.


Fis a lòm, mete figi ou vè fis a Ammon yo e pwofetize kont yo,


“‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”


“Méschec Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo.


Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di:


“Pou sa, pwofetize, fis a lòm e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa?


Di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal.


“Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la.


“‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladan. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.


“Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


“Fis a lòm, mete figi ou vè mòn Israël yo, e pwofetize kont yo.


跟着我们:

广告


广告