Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 38:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 pou kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo. Kounyeya, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a.

参见章节 复制




Ezekyèl 38:12
14 交叉引用  

Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou labou nan lari.


Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm.


Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a.


Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan teren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout.


Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. Mwen va tounen men mwen kont Ékron, epi retay a Filisten yo va peri,” di Senyè BONDYE a.


Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”


“Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Gaal te pale ankò e te di: “Gade, se moun k ap desann soti nan pi wo pati teren an, yon konpayi k ap pase pa chemen bwadchenn divinò yo.”


跟着我们:

广告


广告