1 Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di:
1 Senyè a pale avè m ankò. Li di m konsa:
Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.
Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo.
Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”
“Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li.
“Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la.
Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li.
Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.
epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè.