Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 37:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m, li mennen m nan yon fon ki te plen zosman.

参见章节 复制




Ezekyèl 37:1
19 交叉引用  

Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen.


Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.” Li te di: “Ou p ap voye yo.”


Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.


“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”


Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò.


Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.


Pawòl SENYÈ a te rive eksprè a Ézéchiel, prèt la, fis a Buzi, nan peyi Kaldeyen yo akote rivyè Kebar a; epi la, men SENYÈ a te vini sou li.)


Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo. Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen.


Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen.


Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: “Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va pale avèk ou.”


Alò, men SENYÈ a te sou mwen pandan nwit lan avan moun chape a te vin parèt la. Epi konsa, Li te louvri bouch mwen avan lè li te vin kote mwen nan maten an. Donk, bouch mwen te louvri e mwen pa t ankò bèbè.


Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch.


Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la.


Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.


Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la.


Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.


Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a


Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.


Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,


跟着我们:

广告


广告