Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 34:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nou manje grès e fè abiman ak len an. Nou kòche mouton gra a, san bay manje a bann mouton an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Nou tire mouton yo bwè lèt yo, nou taye lenn sou do yo fè rad mete sou nou, nou touye pi gra yo manje. Men nou pa janm swen twoupo yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 34:3
18 交叉引用  

Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te fè sa, anplis, peche pa li avèk sila li te fè Juda peche nan fè mal devan zye SENYÈ a.


Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.


Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf Sodome yo; bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a, nou menm pèp Gomorrhe.


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.


“Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”


Akoz peche a pwofèt li yo ak inikite a prèt li yo, ki te vèse nan mitan li san a moun ladwati yo.


Lè l te fin leve youn nan pitit li yo, pitit la te devni yon lyon. Li te vin aprann jan pou li dechire bèt pou li manje; li te devore moun.


Konsa, li te mache toupatou pami lyon yo. Li te devni yon jenn ti lyon. Li te aprann jan pou kenbe viktim li. Li te devore moun.


K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo, k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo, e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la, ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;


Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.


Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.


Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo.


跟着我们:

广告


广告