Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 32:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 ‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Ras Adan! Chante yon chante pou plenn sò Farawon an, wa Lejip la. Ba li mesaj sa a pou mwen: Ou pran pòz lyon ou nan mitan lòt nasyon yo. Men pou di vre, ou tankou yon gwo kayiman k'ap benyen nan larivyè a. Ou leve tout fon dlo a ak pat ou yo, ou sal tout dlo a.

参见章节 复制




Ezekyèl 32:2
27 交叉引用  

Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?


Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm; byen solid sou li, e yo pa kab deplase.


Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a, pou Ou te mete gad sou mwen?


Tankou yon sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine, se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.


Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake, se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.


Lyon ki pwisan pami bèt yo, e ki pa fè bak devan okenn bèt;


Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.


“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?


Yon lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo.


Se kilès sa ki leve tankou rivyè Nil la, tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?


Égypte leve tankou rivyè Nil la, menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo. Li te di: “Mwen va leve kouvri peyi sa a; anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”


Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou, pou zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka fè dlo kouri desann.


Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou: “Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan, Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome ki te pwisan sou lanmè, li menm ak tout moun ki te rete ladann yo, ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”


“Ou menm, fis a lòm, leve yon lamantasyon sou Tyr.


Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou: ‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki rete an silans nan mitan lanmè a?’


“Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou te genyen so pèfeksyon an, plen sajès e pafè an bèlte.


Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap renye sou lòt nasyon yo.


Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’


“‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”


“Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.


Èske se yon bagay ki twò piti pou nou, pou nou ta manje nan bon patiraj, pou nou oblije foule anba pye nou rès patiraj nou yo? Oswa pou ou ta bwè nan dlo ki pwòp yo, pou ou oblije foule tout lòt yo ak pye nou?


Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo ou pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’


Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; tankou yon manma lyon. Se kilès ki kab tante deranje l? Beni se tout moun ki beni ou, e modi se tout moun ki modi ou.”


“Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.


跟着我们:

广告


广告