Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 32:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Men chante y'a chante pou plenn sò peyi Lejip la. Medam lòt nasyon yo va chante l lè y'ap kriye pou peyi Lejip ansanm ak tout pèp li a. Wi, se chante sa a y'a chante lè y'ap kriye pou yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

参见章节 复制




Ezekyèl 32:16
7 交叉引用  

Alò, David te chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan.


Konsa, Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere e rele fanm pou fè dèy, pou yo ka vini. Voye fanm instwi sa yo, pou yo ka vini!


Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou: “Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan, Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome ki te pwisan sou lanmè, li menm ak tout moun ki te rete ladann yo, ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”


“Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.


‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”


跟着我们:

广告


广告