Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 32:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Pa nepe a pwisan yo, Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe. Yo tout se chèf sovaj pami nasyon yo. Yo va devaste ògèy Égypte la, e tout gwo foul lame li yo va detwi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Mwen pral fè sòlda peyi ki pi mechan an touye tout pèp ou a ak nepe yo. Yo pral ravaje tout bèl bagay ki te fè ou kontan nan peyi Lejip la. Yo pral touye dènye kras moun nan peyi a.

参见章节 复制




Ezekyèl 32:12
11 交叉引用  

Nasyon yo te tande de bagay wont ou an, e tè a plen ak kri detrès ou; paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèye, e toulède tonbe atè ansanm.


Tout moun ki rekonèt ou pami pèp yo vin etone jiskaske yo vin sezi de ou. Ou te vin yon gwo etonman laperèz, e ou va sispann egziste jis pou tout tan.”’”


akoz sa, gade byen, Mwen va mennen etranje yo sou ou, sila ki pi sovaj pami nasyon yo. Konsa, yo va rale nepe yo kont bèlte a sajès ou, e yo va souye gwo bèlte ou a.


Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a.


Li menm ak pèp li a avè l, pi mechan pami nasyon yo va antre pou detwi peyi a. Yo va rale nepe yo kont Égypte, e plen peyi a ak mò yo.


pou sa, Mwen va livre li nan men a pi pwisan an a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li.


Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li.


“Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo.


跟着我们:

广告


广告