Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 32:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Mwen va fè anpil pèp vin etone sezi de ou, e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou, lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm. Yo va tranble tout tan, chak moun pou pwòp lavi li, nan jou ke ou tonbe a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 M'ap fè anpil nasyon sezi wè sa k'ap rive ou la. Lè m'ap lonje nepe m lan devan yo, wa yo pral tranble nan kanson yo. Jou w'ap tonbe a, yo tout pral tranble. Y'ap pè pou yo pa pèdi lavi yo tou.

参见章节 复制




Ezekyèl 32:10
11 交叉引用  

Epi kay sila a va devni yon pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a?


Chak kout baton pinisyon ke SENYÈ a mete sou li, va fèt ak mizik a tanbouren ak gita. Li va fè batay ak yo. L ap rale tout zam yo parèt. Li va goumen kont yo.


“Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.


Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou.


Tout sila ki rete nan peyi kot lanmè yo te vin efreye de ou, e wa yo vin plen ak gwo laperèz. Vizaj yo vin twouble.


“‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”


Rele anmwey, O pye siprè a, paske bwa sèd la fin tonbe, akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi. Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo, paske gran forè a fin tonbe.


Tout nasyon yo va di: ‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’


si Mwen file nepe briyan Mwen an, se men M ki kenbe lajistis. Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


跟着我们:

广告


广告