Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 30:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “‘“Nan jou sa a, mesaje yo va ale soti devan Mwen sou bato pou entimide Ethiopie akoz lenpridans. Gwo doulè va vin sou yo menm jan ak jou Égypte la; paske gade byen, l ap vini!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Lè jou sa a va vini, jou pou yo detwi peyi Lejip la, m'ap voye mesaje nan bato pou y'al pran tèt moun ki t'ap viv kèpòpòz nan peyi Letyopi yo. Moun sa yo pral kraponnen anpil. Wi, jou sa a pa lwen rive.

参见章节 复制




Ezekyèl 30:9
24 交叉引用  

Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo.


Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie,


Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a.


Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a.


“Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo, ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt. Mwen p ap janm chita tankou yon vèv, ni konnen pèt timoun.’


Latè te souke akoz bri chit yo. Gen yon gwo kri anmwey! Bri li te rive jis nan Lamè Wouj.


Leve monte kont yon nasyon ki alèz, ki viv ansekirite,” deklare SENYÈ a: “Li pa gen pòtay, ni fè fòje; yo rete pou kont yo.”


“‘“Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale. Sa ap vini e Mwen va aji. Mwen p ap ralanti e Mwen p ap gen pitye ni mwen p ap gen regrè. Selon zak ou yo, Mwen va jije ou,” deklare Senyè BONDYE a.’”


Nan lè sa a, tout prens lanmè yo va desann soti nan twòn yo retire wòb yo, e menm retire bèl vètman bwodri yo. Yo va abiye tèt yo ak men yo k ap tranble; yo va chita atè, ap tranble tout tan e vin efreye akoz de ou.


Tout sila ki rete nan peyi kot lanmè yo te vin efreye de ou, e wa yo vin plen ak gwo laperèz. Vizaj yo vin twouble.


“Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”


Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo,


“Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li, “Gade byen, jou yo ap vini sou nou, lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann, e dènye bout nan nou ak gaf pwason.


Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.


Nou menm tou Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.


Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san refleshi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.


Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.


Alò, senk mesye yo te pati pou te rive Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun.


跟着我们:

广告


广告