Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 30:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yon nepe va rive sou Égypte e gwo doulè va rive Ethiopie, lè sila yo touye yo tonbe an Égypte. Yo va retire tout richès li yo e fondasyon li yo va fin demoli nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letyopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y'a kraze ata fondasyon kay li yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 30:4
19 交叉引用  

Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo.


Elas! O peyi a zèl k ap fè gwo bri krikèt volan yo, ki rete lòtbò rivyè a Ethiopie yo.


Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm.


Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie,


An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.


Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.


Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l. San ap koule nan ri li yo. Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li, e nepe va antoure l tout kote. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”


Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a.


“‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt.


Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas;


Men li va pran kontwòl tout trezò kache ak lò, ajan ak tout bagay presye an Egypte yo. Libyen yo ak Etyopyen yo va swiv pye li yo.


Nou menm tou Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.


跟着我们:

广告


广告