Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 3:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou.

参见章节 复制




Ezekyèl 3:19
24 交叉引用  

Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd.


Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwop nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.


menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”


Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.


Sepandan, si ou te avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou.”


epi lè li wè nepe a ap vini sou peyi a, li soufle sou twonpèt pou avèti moun yo,


Li te tande son twonpèt la men li pa t okipe l. San li va sou tèt li. Men si li te okipe sa a, li t ap sove lavi li.


Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.


Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke mwen inosan de san tout moun.


epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.


Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.


Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.


跟着我们:

广告


广告