Ezekyèl 3:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen14 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen. 参见章节1998 Haïtienne14 Lespri a te leve m anlè, li pote m ale. Pouvwa Senyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m te sere. 参见章节 |
Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.