Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 29:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, gwo mons la ki kouche nan mitan rivyè li yo, k ap di: ‘Rivyè Nil lan se pou mwen e se mwen menm ki te fè li.’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Pale avè l. Di li men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba li. — Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l.

参见章节 复制




Ezekyèl 29:3
25 交叉引用  

Repwoche bèt sovaj yo nan mitan wozo a, twoupo towo yo avèk ti bèf a pèp yo. Foule anba pye gwo bout pyès ajan yo. Gaye pèp ki te renmen fè lagè yo.


Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?


Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.


“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?


Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va livre Farawon Hophra, wa Égypte la, nan men lènmi li yo; nan men a sila k ap chache lavi li, menm jan ke m te livre Sédécias, wa Juda a, nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ki te ènmi li e ki t ap chache lavi li.’”


“Fis a lòm, pale ak chèf Tyr la: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Akoz kè ou vin leve, e ou te di: ‘Mwen se yon dye, Mwen chita sou chèz Bondye, nan kè lanmè yo’; malgre, ou se yon nonm e ou pa yon dye; sepandan, ou ta fè kè ou tankou kè Bondye—


epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Sidon, e Mwen va vin glorifye nan mitan ou. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen egzekite jijman ladann li, e nan li, Mwen vin sen.


Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo, e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo. Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann pa men etranje yo. Mwen, SENYÈ a, fin pale.”


Konsa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen kont Farawon, wa Égypte la, e Mwen va kase bra li, ni sa ki gen fòs la ni sa ki kase deja a. Epi Mwen va fè nepe a tonbe kite men li.


‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’


Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.


Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.”


Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.


Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.


Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”


Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo.


Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane.


跟着我们:

广告


广告