Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 27:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Ou menm, fis a lòm, leve yon lamantasyon sou Tyr.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir!

参见章节 复制




Ezekyèl 27:2
12 交叉引用  

Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”


Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.


Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”


“Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo,


Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou: “Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan, Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome ki te pwisan sou lanmè, li menm ak tout moun ki te rete ladann yo, ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”


Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:


Anplis, nan gwo kri yo fè, yo va fè leve yon lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou: ‘Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki rete an silans nan mitan lanmè a?’


“Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Ou te genyen so pèfeksyon an, plen sajès e pafè an bèlte.


‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”


Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:


Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di : “Va gen gwo lamantasyon tout kote e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’ Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy, yo va peye moun pou l fè lamantasyon.


跟着我们:

广告


广告