Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 27:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “‘“Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, fè, fè blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 27:12
22 交叉引用  

Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.


Paske wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo.


Josaphat te fè bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber.


Paske wa a te gen bato ki te konn ale Tarsis avèk sèvitè a Huram yo. Yon fwa chak twazan, bato Tarsis yo te antre avèk lò ak ajan, ivwa, makak ak zwazo pan yo.


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


Kont tout bato Tarsis yo, kont tout sa ki bèl pou wè yo.


Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò.


Rele anmwey, O bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi!


Janbe rive Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo!


Anverite, peyi kot yo va tann Mwen; gwo bato Tarsis yo va vini premyèman pou mennen fis ou yo soti lwen; ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a e pou Sila Ki Sen an Israël la, akoz Li te bay ou glwa.


Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz, travay a yon atizan e men a yon òfèv. Vètman yo an vyolèt e mov; tout se zèv a ouvriye byen fò.


Fis a Avad yo ak lame ou a te sou miray ou yo, e gèrye yo te pann boukliye yo sou miray ou yo toupatou. Yo te vin pèfeksone bèlte ou a.


“‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”


“‘“Syrie te fè trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi.”


“‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”


Lè tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo, ou te fè kè anpil pèp kontan. Ak fòs kantite richès ak machandiz ou yo, ou te fè wa latè yo vin rich.


Akoz gwo fòs kantite komès ou a, ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans e ou te peche. Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane sòti nan mòn Bondye a. Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a, soti nan mitan wòch dife a.


Ak gwo sajès ou, ak komès ou, ou te vin ogmante richès ou e kè ou vin leve akoz richès ou yo—”


Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo ou pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’


Men Jonas te leve al kacheTarsis pou kite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.


Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak lèn fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab.


跟着我们:

广告


广告