Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 26:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Fis a lòm, akoz Tyr te di konsènan Jérusalem: ‘Ha ha! Gade byen, pòtay a pèp yo fin kraze; koulye a l ap remet nan men m. Mwen va vin ranpli koulye a akoz li devaste nèt;’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 — Nonm o! Lavil Tir pat manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Kounyeya, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen angenn lavil Jerizalèm ankò.

参见章节 复制




Ezekyèl 26:2
27 交叉引用  

Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.


Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”


Kite sila yo etone nèt akoz wont yo, sila ki di mwen: “Wayan, wayan!”


Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite tout sila ki renmen sali Ou yo pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab leve wo!”


Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.


Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;


Antre ladann, antre nan pòtay yo! Netwaye chemen an pou pèp la! Bati, bati chemen an! Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.


epi tout wa Tyr yo, tout wa Sidon yo ak wa peyi kot ki lòtbò lanmè yo;


Epi voye pawòl kote wa Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a.


Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, retay a kot Caphtor a.


Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?


A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!


epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo.


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’


Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


“‘“Akoz ou te di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la,


Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’


“Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, ak tout rejyon a Philistine yo? Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? Men si Mwen pa jwenn rekonpans byen vit e san delè, Mwen va fè rekonpans nou an retounen sou tèt nou.


Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn Aczib.


跟着我们:

广告


广告