Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 26:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Yo va leve yon lamantasyon sou ou e di ou: “Gade kijan ou vin peri, O sila ki te plen moun nan, Soti sou lanmè yo, O gwo vil byen renome ki te pwisan sou lanmè, li menm ak tout moun ki te rete ladann yo, ki te enpoze gwo laperèz li sou tout abitan li yo!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Yo pral plenn sò ou. Yo pral di: — Gade yon malè! Gwo lavil la disparèt! Tout batiman l yo koule! Jan moun lavil sa yo te mèt lanmè a! Yo te fè tout moun ki rete bò gwo lanmè a pè yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 26:17
27 交叉引用  

“Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo! O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo!


Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo!


Rete wont, O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.”


Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo?


“A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey. Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt! Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon objè degoutan a tout moun ki antoure li yo.”


Gade kijan mato k ap frape tout latè a fin koupe an moso e kraze! Gade kijan Babylone te vin yon objè degoutan pami nasyon yo!


O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.


Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’


Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O fanm yo. Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li. Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy. Chak moun montre vwazen li yon chan lamante a.


A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!


“Pou nou menm, komanse fè gwo lamantasyon pou prens Israël yo,


Dife a fin gaye nan tout branch li yo. Li te konsonmen boujon ak fwi li yo, jiskaske pa t gen ladann yon branch ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’ Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”


“‘“Sa se yon lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”


‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li: “Ou te konpare tèt ou ak yon jenn lyon nasyon yo; sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a. Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo. Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo, e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”


tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.


Ni yo pa p kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo.


Ala plenyen bèt yo plenyen nan gòj! Twoupo bèf yo ap gaye toupatou, paske pa gen patiraj pou yo. Menm bann mouton yo ap soufri.


Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès?


Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl; mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt! Li divize eritaj a pèp mwen an. A la retire, Li retire l nan men mwen! Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”


Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san refleshi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.


Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn Aczib.


跟着我们:

广告


广告