Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou.
Anplis, Mwen va retire sou yo vwa ki plen ak lajwa a, e vwa a kè kontan an, vwa a jennonm ki fenk marye, vwa a jenn fi marye a, son a wòch moulen yo ak limyè a lanp lan.
Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske peyi a va devaste nèt.”
Ou te nan Éden, jaden Bondye a. Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou: Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp, Safi, malachi, emwòd, epi lò. Baz kalite travay pou tout prezantasyon te nan ou. Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.