Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 24:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a vil sanglan sila a! Anplis, Mwen menm, Mwen va fè pil la gwo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Men sa Senyè sèl Mèt la di: — Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a. Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa.

参见章节 复制




Ezekyèl 24:9
20 交叉引用  

Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.


“Wòch li va disparèt akoz panik, e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, deklare SENYÈ a, Sila ki gen dife Li nan Sion an, ak founo nan Jérusalem nan.


“Fis a lòm, ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël:


Di a peyi Israël la: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen vin kont nou. Mwen va rale nepe Mwen nan fouwo, e Mwen va koupe retire de nou moun dwat yo ak mechan yo.


“Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo.


Pou sa, Mwen fin vide chalè a kòlè Mwen sou yo. Mwen te konsonmen yo nèt ak dife a chalè kòlè Mwen. Chemen pa yo, Mwen te fè l desann sou tèt yo,” deklare Senyè BONDYE a.


Ogmante bwa a. Byen ranje dife a. Bouyi chè vyann nan byen. Mele epis ladann e kite zo yo vin brile.


Pran mouton ki pi byen chwazi nan bann nan, e anplis, mete pil bwa anba chodyè a. Fè l bouyi fò. Anplis, fè bouyi zo ki ladann yo nèt.”


“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: “Malè a peyi sanglan sila a, a chodyè nan sila gen lawouy ladann l! Lawouy la ki pa sòti ladann l! Retire ladann mòso pa mòso, san menm tire oso.


Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen.


“Malè a sila ki bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite!


Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.


Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, se prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl a.


Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.


Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.


Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”


Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”


跟着我们:

广告


广告