Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 24:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 ‘Pale ak lakay Israël: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou pwofane sanktyè Mwen an, ògèy a pouvwa nou an, dezi a zye nou, e plezi a nanm nou. Epi fis ak fi nou yo, ke nou te kite dèyè yo; yo va tonbe pa nepe.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 pou m di moun pèp Izrayèl yo men mesay Senyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.

参见章节 复制




Ezekyèl 24:21
33 交叉引用  

alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo.


Chache SENYÈ a ak fòs Li. Chache fas Li san rete.


Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a, Ou menm avèk lach fòs Ou.


Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.


Yo fin brile sanktiyè Ou a jis rive atè. Yo te souye abitasyon ki fèt nan non Ou an.


O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.


A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!


Zwazo a osi te twouve yon kay, e iwondèl la yon nich pou li menm, kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo, Oh Wa m ak Bondye m.


Tout bèlte ak majeste devan L. Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.


“Men nou menm ki abandone SENYÈ a, ki bliye mòn sen Mwen an, ki ranje yon tab pou Gran Chans, ki plen tas ak diven mele pou Desten an;


Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.


Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a.


Paske lanmò fin antre nan fenèt nou nèt. Li te antre nan palè nou yo pou fèmen timoun yo andedan ak jenn gason yo nan lari.


Advèsè a te lonje men l sou tout bagay presye fi a te genyen; li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a; sila ke Ou menm te kòmande pou yo pa antre nan asanble Ou a.


Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.


Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.


Mwen va pozisyone jalouzi Mwen kont ou, pou yo ka aji avèk ou nan kòlè a gwo chalè Mwen an. Yo va retire nen ou ak zòrèy ou. Sila ki chape yo va tonbe pa nepe. Yo va pran fis ou yo ak fi ou yo, e sila ki chape yo va manje nan dife.


Twoup sa a va lapide yo ak wòch e rache yo ak nepe yo. Yo va touye fis ak fi yo e brile lakay yo ak dife.


“Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou.


Epi mwen te di yo: “Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nou va fè jan mwen te fè a. Nou p ap kouvri bouch nou, ni nou p ap manje pen fè dèy a.


“Pou ou menm, fis a lòm, èske sa p ap nan jou a, lè M ap retire fòs yo nan men yo, lajwa fyète yo, dezi a zye yo e plezi a kè yo, fis ak fi pa yo,


Mwen va fè tè a vin dezole jis pou l etonnen moun. Ògèy a pouvwa li a va sispann. Mòn Israël yo va vin dezole jiskaske pèsòn p ap travèse yo.


Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.


Epi Li te di yo: “Souye tanp lan e plen lakou a ak mò yo. Ale deyò!” Konsa, yo te ale deyò pou te frape moun nan vil yo.


“Sòlda li yo va pwofane sanktyè a, fò a menm, e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Konsa, yo va fè monte abominasyon dezolasyon an.


Éphraïm vin frape. Rasin yo vin sèch. Yo p ap bay fwi. Menm si yo ka fè pitit, Mwen va touye fwi byeneme a vant yo a.


Mwen va anplis, kase awogans pouvwa nou. Mwen va fè syèl la tankou fè, e tè a tankou bwonz.


SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.


跟着我们:

广告


广告