Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 24:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, nan nevyèm ane, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, e te di:

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Nan dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi yo te depòte pèp Izrayèl la, Senyè a pale avè m, li di m konsa:

参见章节 复制




Ezekyèl 24:1
17 交叉引用  

Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a.


Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li.


Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.


(Sou senkyèm jou nan mwa a, nan senkyèm ane egzil a Wa Jojakin nan,


Alò, nan setyèm ane, nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, kèk nan ansyen Israël yo te vin mande SENYÈ a konsèy. Yo te chita devan m.


Zak lèd nou yo va vin rekonpanse sou nou e nou va pote pinisyon pou adorasyon zidòl nou yo. Konsa, nou va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.’”


“Fis a lòm, ekri non a jou a, jou sa a menm. Wa Babylone nan te vin mete syèj sou Jérusalem nan menm jou sa a.


Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Alò, nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Alò, nan douzyèm ane egzil nou an, nan senkyèm jou nan dizyèm mwa a, yon moun ki te chape Jérusalem te vin kote mwen. Li te di: “Yo fin pran vil la.”


Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la.


Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la.


Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”


跟着我们:

广告


广告